CARIFESTA XII vous avez raté l'avion!
Bonjou la sosyete!! Se avek anpil tristès 😞😞 map konstate jiskaprezan peyanm poko ka oganize yon fet a 50% poul byen...si nou pran "CARIFESTA"ki gen yon valè e yon nivo extraodinaire konsa ki oganize chak 2 zan nan yon peyi nan karaib la,yon fason pou yo mete yon anbyans kiltirel nan bouch chak peyi kap gen pou resevwa la, rann mwen fou oubyen saj, avan 2 zan ou gen pou resevwa yon evenman parey ou sipoze metew a nivo nan tout sans, malerezman nan peyanm se a la va vite yo resevwa e fè tout bagay kom si se te kanaval tradisyonel,kom si sete yon spektak odinè yo tap fè...se te grav pou se yon jou avan bel evenman kiltirel sa pou yo tap koupe bwa kloure planch sou plas Petyon an pou monte ti kay, pou yo resevwa expozan yo or nan moman sila a se denye touch yo ta supoze ap fe,malerezman jiska yè dimanch 23 dawout la genyen nan ti kay sa yo ki vid san expozan, eske se tro chè yo tro chè ou eske se expozan yo ki boude fet si la a?anko grav pou manb kap oganize fet sila a pa menm konn kibo pou yo few rantre nan pak Petyon an e kibo pou yo few soti,sete men nan bouch 🙊 lem gade kijan yap fe moun moute desann pou jwenn yon kote pou yo soti e swadizan soti sa yo vinn fòje a siw gen beki ou sou chèz roulant se pote ya potew pou yo metew deyò.e nou konstate tou popilasyon an te plis anvi fe yon paret chita sou lakou channmas la olye yo te rantre kote expozisyon yo ap fet la eske se yon problem lajan pou peye rantre e konsome,ou byen eske se program ti sourit yo yo pi renmen? Li bone toujou nap swiv...
RENE Frero.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire